Canalblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
Publicité
GLOBAL GOAL
26 janvier 2013

TOF- Barikad Crew k13-lyrics

775787_10200507200827569_1779270703_o

(verse 1-Bricks) an! atansyon, sa s'on rev vibrasyon(TOF) san presyon, nou fel pran dimansyon (RED) distraksyon, edikasyon yon nasyon jenerasyon sa pral pase a l'action(YES) revolisyon'n nan tet nou, nap mache an progresyon(progresyon) motivasyon nan ke nou, nap bay je'n yo direksyon(direksyon) imilyasyon echek, nou dwe ba yo plis konviksyon pran desizyon grandet nou, sel solisyon

 

(verse 2-Conda) lajens yon peyi se pi gwo trezo'l pi gran yo gen pou toujou proteje so'l ba'l opotinite pou li jwe gran rol pa souzestime li apresye efo'l fo leader sa yo ba'n twop koze kremol yo vle divize'n, fe nou fe sak dwol ann kole zepol, ann prime lekol

 

(Conda-bridge) non nou pa dwe ret bra kwaze tann leta rejete tout vye pratik kap bann reta ann travay plis remet peyi'n an eta ann chanje sa, ann chanje sa non nou pa dwe ret bra kwaze tann leta rejete tout vye pratik kap bann reta ann travay plis remet peyi'n an eta fo'n pa bliye istwa'n, se idantite'n

 

(Brital) se koul cho'l kwit se koul cho'l kwit se koul cho'l kwit

 

(verse 3-Izolan) chak ane malad BC yo, pou yo nou tj pote "T" a yo te met te nan koma, depi'n lage yo vle fete a tout jenes la renmen nou paske yo we nou pa sou blof konbinezon, difikilte nan mitan tout nou kanpe tof tout sak ta vle poun kraze nan figi yo nou met barikad se pa vizaj sa nou t bay, ane chanje fo'n chanje kad pou lot peyi'n pa ka pi bel yo, fo blan sispann fe'n fe lago an nou tout rezoud problem yo, nou fe kita men'n poko nago

 

(Marco-Chorus) n'oblije kanpe TOF, kou wa henri christoph nan peyi sa fo'n gen etof, nou bouke pran nan blof n'oblije kanpe TOF(TOF, TOF) kou wa henri christoph(Christoph christoph) nan peyi sa fo'n gen etof nou bouke pran nan blof n'oblije kanpe TOF

 

(verse 4-Bricks) mtelman kanpe tof, m pired ke bwa kita nago yo di je'n yo santi, ke nou pap fe yo pa nago se nou k'avni, ou ka pa pran'n pou sa'n pa vo menm jan gen ti vini k' vle diss BC pandan ke yo pa vo yon ayisyen yon pye bwa, pou nou s'on fyete(wiiiiiiiii) kit ou milat kit nwa jwenn twou pou'n mete (bwa) sak rekonet nou se denon nap ba yo a la gen sak ret tet dwet kou pwa tyoko nap ba yo traka

 

(Marco-Chorus) n'oblije kanpe TOF, kou wa henri christoph nan peyi sa fo'w gen etof, nou bouke pran nan blof n'oblije kanpe TOF(TOF, TOF) kou wa henri christoph(Christoph christoph) nan peyi sa fo'w gen etof nou bouke pran nan blof n'oblije kanpe TOF

 

(Fantom) jen potoprens (kanpe Tof, kanpe tof) jen an provens (kanpe tof, kanpe tof)

 

(brital) elev lekol (kanpe tof, kanpe tof) tout etidyan (kanpe tof, kanpe tof)

 

(Bricks) tout atis (kanpe tof, kanpe tof) tout atis (kanpe tof, kanpe tof)

 

(Izolan) tout peyizan'm yo (kanpe tof, kanpe tof) neg geto'm yo (kanpe tof, kanpe tof)

 

(animation 1-fantom) depi lontan nape travay nou nan studio nape bat nay koman fe pou'n pa ta kanpe tof yo pe mache di nou se dyab siw pa respekte barikad tout maskarad sal nap di yo vouzan (wach manman) devan deye a goch a goch tout moun se(wach manman) fanatik rap ki nan foul la pa pouse(wach manman) barikad crew toupatou ap met dife(wach manman) nou se pwa lou (ou pa renmenl vre) pou jenes la nape batay pou nou rive la nou pase tray koman fe poun pa ta kanpe tof(nou se teno) yo pe mache di nou se dyab siw pa respekte barikad tout maskarad sal nap di yo vouzan

 

(Fred Hype) ou pa ka la

 

(animation-Fantom) devan deye a goch a goch tout moun se(wach manman) fanatik rap ki nan foul la pa pouse(wach manman) barikad crew toupatou ap met dife(wach manman) nou se pwa lou

 

(animation 2-Brital) sel solisyon pou'n vanse pran pozisyon moralite plis motivasyon pou'n lite konsyantizasyon pou'n chanje mobilizasyon pou'n plante plis edikasyon pou'n prime twop imilyasyon nou bouke sou okipasyon poun ponpe yon sel peyi(weyyy) yon sel drapo(weyyy) menm le nap soufri(weyyy) nou pa pe fado (weyyy) jeunesse de mon pays(weyyy) wi nou konn sa nou vo(weyyy) men BC anvayi(weyyy) nou fel pi cho(weyyy)

 

(bricks):yo Hype (Fred Hype):big man (bricks):fon poz... moun yo ap fe ovedoz (Fred Hype):non nou pa ka stop nap bouje to the north, redpeople let's go

 

(Fantom) U get enough?? (no) U get enough?? (no) U get enough?? (no) U get enough?? (no) eske'n kanpe tof?? (wi) eske'n kanpe tof?? (wi) eske'n kanpe tof?? (wi) eske'n kanpe tof?? (wi)

 

(Brital) chak ane nou kale yo sou beton'n sakaje yo ravaje'n ravaje yo pa kanpe san kale yo nou pa bezwen atake yo si yo vini nap tape yo sak fache nou lave yo tankou tonad nap brase yo

 

(Fantom) nou se teno a, nou fe pati deto a mizik nou se l'or jen no ap brandi efo a nou fe l'est l'ouest nan sud epi nan nord a ti bosou rale kow, ou pa gen model kalot sa

 

(Brital) chak ane nou kale yo sou beton'n sakaje yo ravaje'n ravaje yo pa kanpe san kale yo nou pa bezwen atake yo si yo vini nap tape yo sak fache nou lave yo tankou tonad nap brase yo

 

(Tonymix) fanatik barikad ti bip bip ti bip bip bip ti bio bip se la n' tap tann yo a

 

(fantom) depi lontan nape travay nou nan studio nape bat nay koman fe pou'n pa ta kanpe tof yo pe mache di nou se dyab siw pa respekte barikad tout maskarad sal nap di yo vouzan nou se pwa lou

 

(fred Hype) apaw frete teta'w

Publicité
Publicité
Commentaires
GLOBAL GOAL
Publicité
Archives
Catégories
Derniers commentaires
Pages
Publicité