Canalblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
Publicité
GLOBAL GOAL
21 février 2012

interview avek Master Sun

Interview avek Master sun ....
_____________________________________________________________
1) MasterSun: Anpil moun ap di ke yo pa we'w
nan video kanaval BC a. Ki sa ki rive? Kote ou?
Eske ou nan Barikad Crew toujou?
MASTERSUN: Moun yo ap konnen desisyon final
la lot semaine,pou mwen ,mw konnen'm nan BC
menm pa gen tretman neg ki fe pati BC,map swiv
tankou tout moun.
2) Kisa ki rive exactement ki fe ke ou nan
situasyon sa ou ye kounien an la ak BC?
MASTERSUN: Neg yo fe konnen se paske'm te
pati tou resamman ,mw pa kwe se rezon an sa yo
di se pou endisipline pandan tout moun ka we sa
kle kiyes kap kraze BC nan dezod,tout moun
konnen m pa gen tanperaman sa, Juskaprezan m
poko konnen menm paske yo pa fe reunion ak
mwen pou yo di'm dapre tel atik, mwen fe dezod,
men sanksyon...E si se te pou dezod pa tap gen
kanaval ane sa,pou sam konnen neg fe nan
BC,eske se mw ki fe pandan 2 zan album poko ka
fini poul soti...Pandan apre aksidan nou te yon
album nan 22 jou,hm a swiv pep ayisyen.
3) Eske ou pense gin lot membre BARIKAD ki fe
plus dezod pase'w? Kiyes yo ye?
MASTERSUN: Mw pa janm dezod nan BC,tout
moun konnen dezod yo,si'm site non yo se
pleyonas mwen pral fe.
4) Eske ou gin support okun membre nan
Barikad sou dossye suspension sa? Eske youn
nan neg yo janm relew pou pale avek ou?
MASTERSUN: 2 neg deside,lot yo swiv ,yo aplike
paske yo konnen pouvwa yo feb podyab,Marco
selman ki pa nan bagay sa,neg next moun yap fe
bagay sa se li.
5) Si nou ta mande'w ki 2 neg ki gin PLUS
POUVWA nan Barikad Crew, kiyes ou tap di...e
poukisa?
MASTERSUN: Tout moun we bagay yo nan vizaj
neg yo nan video a,premye fwa mwen gade video
kanaval Rock Fam lan ,chedepoul leve sou
mw,dlo soti nn zye'm...Paske'm sonje leu te gen
Barikad Crew ,leu tout moun te fre,leu tout moun
te konnen nou nan yon lut ansanm,youn te vle
byen pou lot..Leu ki pat ki pat gen moun ki tap fe
super star sou lot,paske pa gen tet ansanm,yap
bay fake tet ansanm,kounya pou BC ap kou rate
nan VDO.
Moun ki gen plis pouvwa nan BC kounya se
Izo,tout moun tet anba pou li sof Master a,mw pa
leve jwenn manman m ak papa'm konsa...Mw
respekte tout moun menm pa pe person...Mw pa
gen boss ,se God la ki boss mwen ak mwen anko.
6) So ou pense ke se IZOLAN ki fe yo pran
sanction contre ou? Ki deuxieme membre
BARIKAD ke ou di ki te vle yo ba'w sanction an?
MASTERSUN: Mw pa deside reponn kesyon
sa,paske yo konn te yo,e'm pap fe ployonas.
7) Nan competition ki ginyin entre BC ak
ROCKFAM nan, eske ou pense ke BC toujou
devan, ou bien se Rockfam ki pran devan?
MASTERSUN: Tet ansanm se pi gwo fos ki ka
egziste,tout moun konnen pi gwo gwoup peyi a
se BC...kanaval rock fam lan manke fos men
video a koheran.alors ann kite publik lan deside
paske se pou yo jujman sa yo konn nefaste ou
benefik.
Eske ou gin intention rele neg BC yo pou mande
yo kileu yap fe meeting avek ou?
MASTERSUN: Kounya map tann staff
management lan ki pou rele'm pou reunion,mw
te di Youri deja se li ki pou fe sa, li te di'm avan yo
ale OKAY, sa pa fet...Mw pa gen chwa ke tann yo
rele'm pou sa.
9) Eske ou pense ke si KATAFAL te la (Comme se
li ke tout moun te we comme leader), tout sa wap
di yo la kap rive ak group la....PATAP RIVE?
MASTERSUN: Kesyon sa menm ti bebe'm lan ki
gen 9 mwa ka reponn li,nenpot moun nan lari a
ou poze li, wap jwenn yon sel reponn san ezite
nan bouch tout. Mw pap reponn li, mwen vle'w fe
sa, di nenmpot moun li pou mwen plz.

Via www.kisakihiphop.com

Publicité
Publicité
Commentaires
N
neg sa yo bay degou man,mw se fanatik bc blood toutan men mw bouke tande chire pit sa anndan bc,si papa kata te la [rip]haha,neg yo bliye jiska pwezan yo poko fin goumen pou sa yo kwe a,si nou pa antann nou se we na we rock fam ap vole piwo,map tann album nan,e mw pap pwanl san master a ok
GLOBAL GOAL
Publicité
Archives
Catégories
Derniers commentaires
Pages
Publicité